Accessibility links

Breaking News

Atis Ayisyen Michael Benjamin 'Mikaben' Mouri nan Paris


Atis Ayisyen Michael Benjamin "Mikaben". (Foto: @Mikaben Twitter)
Atis Ayisyen Michael Benjamin "Mikaben". (Foto: @Mikaben Twitter)

Atis Ayisyen Michael Benjamin ke fanatik li yo konnen kòm Mikaben mouri Samdi 16 Oktòb nan vil Paris an Frans. Mikaben, 41 an, se pitit atis renome Ayisyen Lionel Benjamin.

Mikaben te vwayaje Paris pou patisipe nan konsè reyinyon Carimi a.

Dapre jounalis Ayisyen ki te sou plas, ak videyo moun pibliye sou Twitter, Mikaben te finn pefòme nan konse reyinyon Carimi a e li tap kite sèn nan le li te tonbe epi pedi konesans.

Nan yon videyo nou ka tande youn nan atis ki te sou sen nan rele pou mande sekouris vinn ede misye.

Dapre enfòmasyon Carel Pedre pibliye sou Twitter, sekouris yo te eseye fè misye reprann konesans epi apre sa yo te opere sou li nan stad la. Misye pa janm refè e vè minui Pedre te anonse atis la mouri.

Pami moun ki reyaji sou nouvel la sou Twitter, gen DJ renome Ayisyen Michael Brun. Mikaben te patisipe nan seri konsè "Bayo Tour" Brun yo.


Premye Minis Ariel Henry ki prezante kondoleyans li bay fanmi Benjamin an.

Pedre, di mizisyen yo "devaste" pa evenman sa a.

Pami hit Mikaben yo nou jwen: "Ou Pati", "Si m Te Gen Zèl", epi nouvo tib li a “Fè Lapli”.

13 Oktòb, li te anonse sou kont Twitter li ke li pral patisipe nan yon nouvo talk show Live sou Instagram ki rele "Ant Atis" ansanm ak Olivier Martelly epi Roberto Martino. Premye edisyon an te fikse pou 18 Oktòb.

XS
SM
MD
LG