Accessibility links

Breaking News

Ankèt ap Kontinye Konsènan Atak sou Bwatdenui Orlando a


Yon ajan FBI epi yon foto Omar Mateen, nèg yo sispèk kòm atakan ki te komèt masak Orlando a.
Yon ajan FBI epi yon foto Omar Mateen, nèg yo sispèk kòm atakan ki te komèt masak Orlando a.

Ozetazini, Prezidan Barack Obama, ki tap pale lendi a sou atak ki fè 49 mò ak 53 blese nan yon bwatdenui nan Orlando nan nuit samdi 11 pou leve dimanch 12 jen pase a, fè konnen pa genyen okenn prèv ki montre atakan an tap aji sou lòd yon gwoup teworis ki tabli aletranje. Se atak yon sèl moun komèt ki fè plis viktim pa bann e pa pakèt nan tout listwa Lèzetazini. Dapre Misye Obama, li plis sanble atakan an -ki rele Omar Mateen- te jwenn enspirasyon li nan pwopagann radikal kap sikile sou entènèt la. Prezidan Obama di :

“Youn nan pi gwo defi nou pral gen pou n konfwonte, se kalte pwopagann sa a ak defòmasyon relijyon Lislam nou wè kap devlope sou entènèt la; se kapasite yon pwopagann konsa genyen pou l antre nan lespri moun ki te deja pat byen nan tèt yo.”

Foto sa a montre Seddique Mateen ki tap reponn kesyon laprès lalay li nan Eta Florid. Li tap pale de pititgason li a Omar Mateen, nèg ki te lanse atak Orlando a. Papa a di: “Mwen pat konnen li te genyen yon gwo hèn konsa nan kè li.”
Foto sa a montre Seddique Mateen ki tap reponn kesyon laprès lalay li nan Eta Florid. Li tap pale de pititgason li a Omar Mateen, nèg ki te lanse atak Orlando a. Papa a di: “Mwen pat konnen li te genyen yon gwo hèn konsa nan kè li.”

Atak la fèt sou yon night club pou omoseksyèl, lesbyèn ak moun ki chanje sèks yo. Li pwovoke reyaksyon ameriken ak sitwayen lòt peyi atravè lemond ki montre solidarite yo ak fanmi viktim yo epi kondane lahèn ki genyen nan kèk segman sosyete a kont moun ki chwazi oryantasyon seksyèl diferan.

Nan jounen lendi 13 jen an, gouvènman ameriken an lanse apèl bay Nasyon Zini pou mande l pwoteje kominote omosekyèl yo -yon kategori moun lalwa kondane nan plis pase 70 peyi manm l'ONU. Papa atakan an, Seddique Mateen, pat pran tan pou l kondane zak pitit li a poze a. Misye Mateen deklare:

"Mwen pa apwouve sa l fè a ditou. Sa l fè a se yon zak teworis total-kapital."

Omar Mateen -nèg ki poze zak la nan Orlando-- tap travay kòm yon gad sekirite nan yon katye rich nan yon lòt vil nan Eta Florid.

XS
SM
MD
LG