Accessibility links

Breaking News

Atak Teworis Nan Pakistan


Atak avyon telegide Lèzétazini lanse a fèt vandredi 8 septanm 2010 la nan zònn Delta Khel, Waziristan nor.

Rejyon sa a ap sèvi kòm bastyon militan Taliban ak konbatan rezo teworis Al-Qaida-a. Gen yon gwo ogmantasyon moun konstate nan atak ak avyon telegide k ap fèt nan zònn tribal Pakistan yo, kote yo lanse 21 atak pou sèl mwa septanm.

Nasyon azi di sud-la pwoteste kont operasyon sa yo, e pi patikulyèman, kont atak Lotan te lanse andedan Pakistan, atak ke gouvènman Islamabad-la konsidere kom yon vyolasyon souvrennte peyi a.

XS
SM
MD
LG