Kore di Nò lanse yon seri de kout-misil sou yon zile ki gen moun k ap viv sou li e ki fè pati tèritwa nasyonal Kore di Sid.
Fòs Zame Kore di Sid la reponn kif-kif e avyasyon militè li gen avyon-de-gè ki nan lè a pou kontinye kontratake.
Daprè sa lame sid-koreyèn nan di, gen 2 sòlda li ki mouri nan atak la, tandiske 12 lòt blese.
Se ensidan ki pi grav ki rive ant 2 peyi yo depi Lagè Kore a. Laprès fè konnen anpil kay pran dife e gen 2 sivil ki blese. Otorite yo deplase plis pase mil moun pami abitan zile a (ki rele Yeonpyeong) pou mete yo nan abri dijans.