Accessibility links

Breaking News

Yon Atak Izrayèl sou Palestin fè 8 Mò


Yon Atak Izrayèl sou Palestin fè 8 Mò
Yon Atak Izrayèl sou Palestin fè 8 Mò

Militan Gaza yo tire wòkèt ak mòtye sou Izrayél mèkredi 23 mas 2011 la; sa ki pouse Eta Hebre a lanse kèk atak ayeryen an retou apré yon ogmantasyon atak atravè fwontyè a madi 22 mas 2011 la.

Nouvèl yo rapòte omwen yon wòkèt frape vil Beersheba jounen mèkredi a, tandiske yon wokèt yo tire pandan nan nwit la te ateri tou prè vil Ashdod.

Gwoup militan Jihad islamik la pran responsabilite pou atak ak wokèt la. Gwoup la di li te tire wokèt sa a an repons a atak mòtèl izrayèl te lanse sou Gaza jounen madi a.

Otorite palestinyen yo di atak militè izrayelyen yo touye 8 moun pami yo 4 sivil.

XS
SM
MD
LG