Accessibility links

Breaking News

Atak Avyon Telegide Etazini sou Pakistan


Otorite pakistanè yo fè konnen yon avyon telegide ameriken lanse plizyè misil sou yon machin nan pati nòdwès Pakistan ki gen yon gwo popilasyon tribal.

3 moun Etazini sispèk kòm militant pèdi lavi yon an atak misil la. Otorite yo fè konnen avyon telegide alanse frap sou Waziristan sid, yon rejyon ki chofe anpil e ki tou pre fwontyè Afganistan an.

Otorite ameriken yo pa janm admèt piblikman ke yo itilize avyon telegide an dedan Pakistan, sepandan yo konfime an prive bay plizyè ògan laprès ke yo itilize metòd sa a.

Lidè pakistanè yo kondane atak avyon telegide ke yo konsidere kòm vyolyasyon dwa granmoun Pakistan

XS
SM
MD
LG