Accessibility links

Breaking News

Atak Avyon Militè l'OTAN fè Omwen 2 Mò nan Libi


Atak Avyon Militè l'OTAN fè Omwen 2 Mò nan Libi
Atak Avyon Militè l'OTAN fè Omwen 2 Mò nan Libi

Nan Libi, otorite yo ak responsab medikal yo fè konnen 2 moun mouri e sanble yo tonbe anba atak avyon militè l’OTAN.

Daprè kèk temwen, divès eksplozyon sakaje kapital la, Tripoli, byen bonè jedi 12 me a. Otorite nan gouvènman libyen an deklare omwen 5 nan atak ak wòkèt sa yo te vize yon gwo building nan vil la ki se pwopriyete prezidan Mohammar Khadafi.

Daprè yon nouvèl ki pase sou televizyon Leta libyen an, anbasad peyi Kore du Nò nan Tripoli sibi dega nan atak avyon l’OTAN yo.

Pandansetan, La Grand Bretay envite opozisyon libyèn nan pou l ouvè yon biwo nan kapital britanik la, Lond. Premye minis David Cameron fè anons sa a jedi 12 me 2011 la apre yon rankont avèk Mustafa Abdel-Jalil, prezidan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an nan Libi.

XS
SM
MD
LG