Accessibility links

Breaking News

Asistans Tayland Pou Rekonstriksyon Ayiti


Tayiland ofri yon kontribisyon 2 milyon 300 mil dola ameriken pou Fon Rekonstriksyon peyi Dayiti a.

Anbasadè Taylandè a, Ranong Na Kittiphong, siyen yon akò avèk Bank Mondyal k ap jere fon an. Misye Kittiphong deklare -nap site:

“Tayland kontan anpil dèske li patisipe nan efò kominote entènasyonal la ap fè pou li jwenn plis resous finansyè pou rekonstriksyon Ayiti a.”

Anbasadè ayisyen an nan Washington, Louis Harold Joseph, te patisipe nan seremoni siyati akò a.

Asistans Tayland pou peyi Dayiti monte rive yon total 21 milyon 800 mil dola ameriken; lajan sa a ap sèvi pou bay materyèl medikal, ekipman de baz ak 20 mil tòn diri pandan yon peryòd 1 an edmi.

XS
SM
MD
LG