Accessibility links

Breaking News

LIdè Demokrat Kongrè a Ap Rankontre ak La Mezon Blanch sou Yon Lòt Plan Asistans pou Chomè Ameriken yo


Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (D-Ka), youn nan lidè demokrat ki pral rankontre avèk otorite La Mezon Blanch yo pou deba sou yon lòt plan pou ede chomè ak biznis ameriken yo.
Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (D-Ka), youn nan lidè demokrat ki pral rankontre avèk otorite La Mezon Blanch yo pou deba sou yon lòt plan pou ede chomè ak biznis ameriken yo.

Nan Washington manm demokrat Kongrè a ki gen gwo enfliyans ap rankontre madi 21 jiyè 2020 an avèk otorite yo nan La Mezon Blanch nan moman depite ak senatè ap fè negosyasyon avèk Prezidan Donald Trump sou yon nouvo plan ekonomik pou konbat move konsekans pandemi kowonavirisk la genyen sou domèn sante avèk ekonomi an Ozetazini.

Chita-tande sa yo, ki pral dewoule avèk tout pòt fèmen, pral mete Minis Trezò a, Steven Mnuchin, ak Chèf Pèsonèl pwovizwa Mezon Blanch la, Mark Meadows, fasafas avèk Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi, ak lidè minorite demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer.

2 pati yo ap fè presyon pou gouvènman pase alaksyon nan moman peyi a ap anrejistre an mwayèn, plis pase 66 mil nouvo ka enfeksyon kowonaviris chak jou pandan 8 jou ki pase yo, e nan moman tou kote pwogram asistans gouvenman federal la bay plizyè milyon traveyè kowonaviris la lage nan chomaj, yon chèk 600 dola pa semèn, pwogram sa a pral rive nan bout li nan fen mwa jiyè a.

XS
SM
MD
LG