Accessibility links

Breaking News

Asistan Sekretè Deta Ameriken David Johnson Vizite Ayiti


Asistan sekretè deta Lèzetazini pou Biwo Entènasyonal ki kontwole zafè dwòg ak kesyon ki gen rapò ak respè lalwa, David Johnson, vizite peyi Dayiti lendi 2 out 2010 la.

Pandan brèf sejou Mesye Johnson ann Ayiti, li rankontre antwòt avèk Prezidan René Préval, minis jistis ayisisyen Paul Denis e chèf Polis Nasyonal la Mario Andresol.

Nan okazyon an, asistan sekretè deta Johnson te genyen avèk li komisè polis New York la, Raymond Kelly.Nan yon konferans pou laprès ki dewoule nan Pòtoprens, mesye Johnson di Lèzetazini pral ofri Ayiti konkou l pou l ranfòse fòs sekirite peyi a.

Li di : "Genyen anpil defi k ap tann nou pi devan; men mwen gen konfyans nou kapab fè yon bon travay ansanm."

Nan okazyon an, yon gwoup ajan polis vil New York, ki gen origin ayisyèn, te fè deplasman an tou na npeyi Dayiti. Yon pi gwo kantite polisye pwofesyonèl sa yo prale nan peyi a anvan lontan pou yo antrene manm PNH yo epi ba yo konkou nan travay y ap fè pou mete sekirite nan kan ebèjman yo.

Se konsa tou, polisye k ap sot New York yo pral kore efò PNH ap fè pou l remete men sou prizonye ki te kite Penitansye Nasyonal jou tranblemanntè a.

Pou plis detay sou vizit asistan sekretè deta Johnson nan, koute korespondan nou Clarens Renois.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 2 out 2010 la

XS
SM
MD
LG