Lidè rebèl yo nan peyi Libi fè konnen bandi moun pa idantifye touye ak bal kòmandan militè yo a, Abdel Fattah Younes, ak 2 lòt kolaboratè l.
Prezidan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an, Mustafa Abdel Jalil, deklare jedi 28 jiyè 2011 la, mesye Younes te ak 2 kolaboratèl yo (2 kolonèl ) e li te nan wout pou l al reponn kesyon yon komisyon jiridik opozisyon an sou yon kesyon militè.