Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye Garry Conille


Manm Sena Ayisyen an pandan vòt ratifikasyon Dr. Conille Kòm premye minis deziye (4 oktòb 2011 foto achiv)
Manm Sena Ayisyen an pandan vòt ratifikasyon Dr. Conille Kòm premye minis deziye (4 oktòb 2011 foto achiv)

Apre yon seyans manch long ki te kòmanse jedi pou rive vandredi maten 14 oktòb la, Chanm Sena a adopte deklarasyon politik jeneral Premye Minis ratifye a, Dr. Garry Conille. Korespondan Rotchild Francois Junior nan Pòtoprens te swiv seyans sa a pou Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la. Vòt la se 16 pou, 4 kont, 5 abstansyon.

Misye Conille genyen pou'l prezante deklarasyon politik jeneral li a tou vandredi apre midi devan Chanm depite a.

NDLR: Fè yon klik sou ikòn mp3 (anwo, adwat paj la) pou ou koute repòtaj Rotchild.

Addendum: Men lis non pèsonalite ki konpoze gouvènman Dr. Conille pra l mete sou pye a.

Premye Minis: Garry Conille: Planifikasyon ak kooperasyon

Thierry Mayard-Paul: Minis enteryè ak Kolektivite Teritoryal

Laurent Lamothe: Minis afè etranjè

Lemercier Georges: Ekonomi ak Finans

Wilson Laleau: Komès ak Endistri

Florence D. Guillaume: Sante Piblik

Josué Pierre-Louis:Jistis

Réginald Paul: Edikasyon Nasyonal

Hébert Docteur: Agrikilti

Jacques Rousseau: Travo Piblik ak Enèji

Stephanie Villedrouin: Tourism

Joseph Ronald Toussaint: Environnman

François Michel Lafaille: Afè Sosyal

Yanick Mézil: Zafè Fanm

René Jean Robert: Jenès ak Spò

Choiseul Henriquez: Kilti

Ralph Ricardo Théano: Relasyon ak Palman an

XS
SM
MD
LG