Accessibility links

Breaking News

Mesaj Prezidan Donald Trump devan Asanble Jeneral l'ONU - Reyaksyon Kèk Lidè Mondyal


Prezidan Trump devan tribin l'ONU an madi 25 septanm 2018 la.
Prezidan Trump devan tribin l'ONU an madi 25 septanm 2018 la.

Lidè mondyal yo te gen reyaksyon diferan pandan yo t ap suiv diskou prezidan ameriken an, Donald Trump, pwononse devan tribin Oganizasyon Nasyon Zini an, madi 25 septanm 2018 la, nan okazyon 73èm sesyon Asanble Jeneral òdinè òganizasyon an nan New York.

Delege yo te ri plizyè fwa pandan premye pati diskou a, sitou lè Prezidan Trump te konpare reyalizasyon administrasyon li a avèk akonplisman gouvènman ameriken ki pase yo.

Prezidan Donald Trump avèk Sekretè Jeneral l'ONU an, Antonio Guterres (adwat), nan katye jeneral òganizasyon an nan New York, madi 25 septanm 2018.
Prezidan Donald Trump avèk Sekretè Jeneral l'ONU an, Antonio Guterres (adwat), nan katye jeneral òganizasyon an nan New York, madi 25 septanm 2018.

“Nan mwens pase 2 zan, administrasyon m nan reyallize plis bagay pase tout lòt gouvènman nan istwa peyi a….”

Lè chèf deta ak chèf gouvènman yo te tonbe ri deklarasyon sa a, Prezidan Trump te reponn:

“…An verite, mwen pa t espere reyaksyon sa a. Men sa pa fè anyen.”

Lidè ameriken an reprann deklarasyon li te fè ane pase lè l te chante lwanj lespri (santiman) patriyotik olye li vante nosyon mondyalism nan. Kèk chèf delegasyon pa t pèdi tan pou yo reyaji. Se ka, pa egzanp, prezidan fransè a Emmanuel Macron:

Prezidan Repiblik Fransèz la, Emmanuel Macron, pandnali tap mete mesaj li devan Asanble Jeneral Nasyonzini nan katye jeneral l'ONU nan New York, madi 25 septanm 2018 la.
Prezidan Repiblik Fransèz la, Emmanuel Macron, pandnali tap mete mesaj li devan Asanble Jeneral Nasyonzini nan katye jeneral l'ONU nan New York, madi 25 septanm 2018 la.

“Nou pa p siyen oken akò komèsyal ak oken peyi ki pa respekte Akò Pari sou Klima a. Ann chache garanti ke akò sou angajman komèsyal yo gen ladan yo pwovizyon ki oblije siyatè yo pwoteje anviwonman an ak sosyete nou yo.”

Prezidan Donald Trump te konsakre yon pati nan mesaj li a sou dosye Iranyen an.

“Gouvènman Iranyen an dwe chanje konpòtman li avan pou nou dakò fè negosyasyon avèk ofisyel li yo. Yo vle yon rankont; men nou pa p rankontre avèk yo toutotan yo pa chanje konpòtman yo. Sa gen pou fèt kanmèm; mwen kwè yo pa gen lechwa. Se avèk anpil enpasyans n ap tann pou nou gen bon jan relasyon avèk Iran.”

Lè sete tou pa prezidan Iranyen an, Hassan Rouhani, pou l te pran lapawòl, li te gen repons sa a pou mezaj lidè Lèzetazini:

Prezidan fransè a Emmanuel Macron (adwat) ki t ap rankontre avèk prezidan iranyen an, Hassan Houhani aprè yo te fin pale devan Asanble Jeneral la.
Prezidan fransè a Emmanuel Macron (adwat) ki t ap rankontre avèk prezidan iranyen an, Hassan Houhani aprè yo te fin pale devan Asanble Jeneral la.

“M ap kòmanse dyalòg la isit la menm e m ap deklare, kareman, san mete dlo nan bouch mwen, kesyon sekirite entènasyonal la se pa yon ti jwèt nan men responsab politik entèn Lèzetazini. Nasyonzini se pa yon branch nan gouvènman ameriken an.”

Lè kèk espesyalis baze rezonnman yo sou kèk desizyon administrasyon Trump la pran --sòti nan desizyon pou l wete Lèzetazini nan kèk trete miltilaral, pou rive nan desizyon pou l ogmante tarif ladwann sou kèk peyi, yo panse tou sa antre nan kad yon politik ki fè pati yon estrateji pi laj e objektif la se deranje sistèm mondyal la jan li egziste jounen jodi a.

XS
SM
MD
LG