Accessibility links

Breaking News

Asanble Jeneral L ONU an Vote Kont Anbago Sou Kiba a


Asanble Jeneral Nasyon Zini an vote yon lòt fwa ankò pou l kondane anbago Etazini enpoze sou Kiba a.

Avèk 187 vwa pou, 2 kont e 3 peyi ki pa vote, asanble a apwouve nan sans sa a, pou yon 19èm ane youn dèyè lòt, yon rezolisyon ki pa gen fòs yon lwa.

Etazini ak Izraèl se 2 peyi ki vote kont rezolisyon an ki mande pou Washington leve anbago kont Kiba a ki la depi ane 60 yo.

Anbasadè ameriken, Ronald Godard, defann desizyon li pran pou l vote kont rezolisyon an. Diplomat ameriken an di yon nouvo chapit nan relasyon Etazini ak Kiba pa ka tounen yon reyalite nèt, si La Avàn pa pèmèt pèp kiben an jwi libète politik e ekonomik li.

Prezidan ameriken an Barack Obama te pran desizyon pou li fasilite vwayaj ak tranzaksyon finansyè ant kiben k ap viv Ozetazini ak fanmi yo ki nan Kiba .

XS
SM
MD
LG