Accessibility links

Breaking News

9 Moun Mouri Nan Yon Lese Frape o Meksik


Polisye nan Meksik (foto achiv)
Polisye nan Meksik (foto achiv)

Ministè defans meksiken an fè konnen yon lese-frape ak zam ki dewoule ant manm fòs zame a epi kèk nèg enkoni ame, koze lanmò 9 moun (pami yo genyen yon sòlda).

Konfwontasyon sa a fèt nan pati santral peyi Meksik. Daprè sa otorite yo fè konnen, nèg ame yo te ouvè kout-zam sou yon gwoup sòlda nan vil Tabasco, nan pati sid Eta Zacatecas.

Manm lame yo te nan zòn nan pou yo mennen ankèt sou nouvèl ki te pale de prezans nèg ame nan rejyon an. Anviwon 34 mil moun mouri o Meksik nan konfwontasyon ki gen rapò ak trafik dwòg depi Prezidan Felipe Calderon te monte sou pouvwa a nan fen ane 2006 la.

XS
SM
MD
LG