Accessibility links

Breaking News

71 Moun Mouri Nan Yon Aksidan Avyon Nan Peyi Iran


(AP Photo/Mehr News Agency, Esfandiar Asgharkhani)
(AP Photo/Mehr News Agency, Esfandiar Asgharkhani)

Prezidan Kwasan Wouj Iran an (tokay Kwa Wouj oksidantal yo), Mahmoud Mozaffar, di chèn televizyon iranyèn nan gen 35 moun ki blese nan aksidan an

Yon avyon pasaje "Air Iran" tonbe e kraze dimanch nan nòwès Iran avèk 106 pasaje ki te abò li. Omwen 71 pasaje moun peri nan aksidan an.

Prezidan Kwasan Wouj Iran an (tokay Kwa Wouj oksidantal yo), Mahmoud Mozaffar, di chèn televizyon iranyèn nan gen 35 moun ki blese apre avyon an te eseye fè yon aterisaj fòse nan vil Urumiyeh ki sou yon distans 700 kilomèt alwès kapital la, Teheran. Otorite iranyen yo fè konnen gen nan pasaje yo ki pa blese grav e ki sòti vivan nan katastwòf la, men tou gen lòt yo blije entène lopital. Aparèy la ta p transpòte omwen 10 manm ekipaj.
Nan yon premye tan, media iranyen yo te bay yon bilan diferan sou kantite moun ki te abò Boeing 727 la ki. dapre misye Mozaffar, kase de (2) bout men san li pa eksploze lè li tanbe nan yon rejyon tè-jaden toupre Urumiyeh.

Avyon an te fenk kite vil Teheran lè aksidan an rive a. Responsab yo pa di ki sa k lakòz aksidan an, men gwo nèj ak bwouya ap jennen travay sekouris yo.

Depi kèk tan, Iran ap anrejistre yon seri aksidan avyon--aksidan ki souvan gen pou wè ak aparèy yo ki twò ansyen e ki manke antretyen.

Sanksyon Lèzetazini mete sou Repiblik Islamik la anpeche li achte nouvo aparèy ou achte pyès derechanj nan men peyi oksidantal yo.

XS
SM
MD
LG