Accessibility links

Breaking News

7 Foutbolè Espayòl Seleksyone Pou Tit Meyè Foutbolè Dimond la


7 foutbolè espayòl ki te ede seleksyon an ranpòte koup dimond 2010 la tankou trio Barselonè Andres Iniesta, David Villa ak Xavi Hernandez pami 23 jwè FIFA pibliye pou resevwa tit meyè foutbolè pou ane a.

Lis la gen ladan Urugweyen Diego Forlan, Olandè Wesley Sneijder ak alman Thomas Mueller. Cristiano Ronaldo ak Lionel Messi figire sou lis la malgre yo te penyen lage nan koup di mond Afrik di Sid la.

Lis la gen pou l redui a 3 jwè le 6 Desanm epi venkè a pral nonmen nan okazyon yon seremoni djak sou djak k ap dewoule nan vil Zurik le 10 Janvye.

Bò kote meda m yo, pami 10 meyè kandida yo nou jwen brezilyen Marta ak alman Birgitz Prinz.

Antrenè seleksyon espayòl la Vicente del Bosque ap fè fas ak kèk lòt advèsè tankou antrenè Urugweyen Oscar Tabarrez pou meyè antrenè pou ane a.

Foutbolè anglè David Beckham espere jwe an deyò lig foutbòl MLS la pandan dènye ane l lap pase ak Los Anjeles Galaksi.

Vrè espwa Beckham se posibilite pou l ta retounen jwe nan seleksyon anglè a. Beckham, ki déjà jwe 115 rankont pou seleksyon anglè a, gen yon òf klub anglè Leceister City mete devann pou l jwe pou yo tanporèman apre faz final MLS la.

Yon ajans nouvèl alman ta fè konnen Molusk ki rele Paul, ki te fè pale de li anpil pandan koup dimond la mouri. Paul te predi ak presizyon chak rankont Almay t ap jwe. Paul te predi viktwa Espay kont la Oland.

XS
SM
MD
LG