Accessibility links

Breaking News

7 Fevriye 2011: 25è Anivèsè Ranvèsman Rejim Duvalier a


Lendi 7 fevriye 2011 la, Ayisyen yo ap make 25èm anivèsè ranvèsman diktati Duvalier a. Nan okazyon an lidè politik, entèlektyèl, ofisyèl nan Sosyete Sivil la, militan k ap defann demokrasi, elatriye, mete sou pye divès aktivite, tankou konferans ak rankont kiltirèl, pou yo tire leson nan peryòd difisil sa a nan Listwa Dayiti.

Youn nan objektif yo, se atire atansyon jenès la sou move konsekans tout diktati kapab genyen sou devlopman yon nasyon. Jounen jodiya, Jean Claude Duvalier ap viv ann Ayiti kote li te retounen nan dat 16 janvye 2011 la apre 25 lane ann egzil an Frans.

Misye Duvalier fè konnen li pare pou l prezante nan tribinal -jan li fè sa deja- pou l reponn akizasyon lajistis ta resevwa kont li.

XS
SM
MD
LG