Accessibility links

Breaking News

7 Fevriye 2011 - Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la Genyen 25 An


7 fevriye 2011 la make 25èm anivèsè emisyon kreyòl Lavwadlamerik la. Vrèmanvre, se le 7 fevriye 1986 -egzattmen jou Jean Claude Duvalier te kite peyi Dayiti pou legzil-- Lavwadlamerik te prezante premye pwogram ofisyèl li pou Ayiti pou l akonpaye pèp ayisyen an nan tranzisyon ki te kòmanse a e ki ta pral dire lontan.

Sèvis Kreyòl la te la pou l kouvri referandòm kote pèp la te apwouve konstitisyon 1987 la ki anvigè juskaprezan; li te la pou l fè ayisyen aletranje kou nan dyaspora a konnen jan sitiyasyon an t ap evolye pandan diferan etap vi nasyonal la, kit se sou gouvènman pwovizwa, kit se sou gouvènman sivil, militè ou demokratikman eli, elatriye.

E Sèvis Kreyòl la ap la pou kontinye akonpaye Ayiti nan yon peryòd kote jèn demokrasi ayisyèn-nan pa sispann fè efò pou l fè chemen l. Nou pwofite okazyon sa a pou n di tout oditè mèdi pou dfidelite yo ki repretan gazolin ki fè machin Sèvis Kreyòl kontinye sou wout la.

N ap di mèsi espesyalman pou radyo afisye nou yo, ki apapiye sou tout tèritwa nasyonal ayisyen anm, pou gwo koutmen yo pa sispann pote bay Sèvis la pou pèmèt li toche plis moun posib e pandan pi lontan posib. Travay afilye sa yo pa gen pri; e nou vle yo konnen sa.

XS
SM
MD
LG