Balon ap woule an Afrik di Sid nan kad 2èm rankont gwoup G a kote Pòtigal fè fas ak Kore di Nò. Chak nan 2 ekip te bezwen yon viktwa pou l konsève espwa pou l pase nan pwochen tou konpetisyon an. Anvan rankont la, Pòtigal te gen yon pwen tandis ke Kore di Nò te gen 0 pwen.Rezilta final rankont la se: Pòtigal 7, Kore di Nò 0.
Nan menm gwoup G a, yè dimanch la Brezil bat Kot Divwa 3 a 1 pou l pran kalifikasyon l pou pwochen tou a. Kaka pap prezan nan pwochen match la kote Brezil pral rankontre avèk Pòtigal; nan rankont yè a, misye te resevwa yon 2èm katon jòn ki se yon katon wouj otomatik. Nan gwoup F la, Nouvèl Zeland te siprann bon anj Itali nan yon match ki fini sou skò 1 a 1. Paragwe kale Slovaki pou l pran tèt gwoup la ak 4 pwen. Itali ak Nouvèl Zeland gen 2 pwen yo chak.
Gwoup H la ap mete fas a fas Chili ak La Swis. Chak nan 2 ekip sa yo te gen 3 pwen nan moman yo tap monte teren an. Nan fen jounen an, Lespay ki te pèdi devan la Swis, pral chache ratrape l nan yon rankont ak Ondiras ki, li menm, te pèdi premye match li a devan Chili. Pou rankont Chili-Swis ki dewoule jodi a, skò final la se: 1-0 pou Chili. Butè Chileyen an se Marc Gonzalez.
Lòt nouvèl sou spò: Menm jodi jodi Lendi a tounwa tenis Wimbledon nan, 3 zièm tounwa tenis Gran Shelèm pou ane a, ap demare an Angletè kote tèt de seri numewo 1an, swis Roger Federer, pral chache ranpòte konpetisyon an pou yon 7 tièm fwa. Federer, ki te pèdi tit numewo 1 mondyal la semèn pase a, pral rankontre Kolonbyen Alejandro Falla ki klase 65 kièm jwè mondyal. Dapre espesyalis yo, nouvo nimewo 1 mondyal la, espayòl Rafael Nadal, reprezante yon obstak ki kapab anpeche Federer ranpòte tounwa a.