Accessibility links

Breaking News

6 Moun Mouri nan Yon Atak nan Irak


6 Moun Mouri nan Yon Atak nan Irak
6 Moun Mouri nan Yon Atak nan Irak

Otorite irakyen yo di yon machin pyeje eksploze devan vil Sent chi’it Karbala nan sid Irak a; 6 moun mouri e omwen 10 lòt blese.

Otorite yo di bonm-nan eklate lend 24 janvye 2011 la nan yon tèminal otobus, li touye plizyè pèleren chi'it ki te reyini pou seremoni relijye ki rele Arbain nan pou make fen peryòd dèy anyèl pou Iman Hussein ki te pèdi la vi li nan vil sent chi'it sa a.

Eksplozyon an fèt aprè atak suisid marasa ki te fét tou prè vil la semèn pase a e ki te touye omwen 50 moun.

XS
SM
MD
LG