Nan Endonezi, otorite yo fè konnen yon gwo tranblemanntè ki te fèt anba lanmè a lendi 25 oktòb 2010 pase a, pwovoke yon sounami ki touye plis pase 100 moun sou yon achipèl ki nan pati lwès peyi a.
Daprè yon otorite wo plase nan palman rejyonal zile Mantawai –ki t ap pale sou Metwo Tele, nan Endonezi, madi- 26 oktòb 2010 la-- kantite moun ki mouri nan sounami sa a ki frape rejyon an monte rive 108, tandiske gen 502 moun ki disparèt.
Lòt nouvèl konsènan peyi Endonezi, yon vòlkan ki antre ann eripsyon sou il Java, voye sann-dife ak lè cho sou vilaj ki ozalantou yo, kote sa gen move konsekans sou sante 6 moun pou pi piti.
Daprè savan yo, Mon Merapi –ki se vòlkan ki pi aktif nan peyi-a-- kòmanse antre ann aksyon madi 26 oktòb 2010 la aprè li te pase plizyè jou ap fè yon bri ki te anonse posiblite yon gwo eripsyon.
Dènye fwa Mon Merapi te antre ann eripsyon sete an 2006 kote li te touye 2 moun. Yon eripsyon menm jan an, ki te fèt an 1994, te touye 60 moun o mwens, tandiske yon lòt ki te fèt an 1930 te pran lavi mil 300 kretyen vivan.