Accessibility links

Breaking News

50% Tinnejè Ozetazini Pa Dòmi Ase Pandan Ane Skolè a


Daprè yon sondaj National Sleep Foundation reyalize, apeprè 50% tinnejè Ozetazini (sètadi jèn ameriken ki poko gen 20 tan) pa dòmi pandan tout tan ki nesesè a nan ane eskolè a.

Espesyalis yo di byologikman, jèn ameriken sa yo pwograme tèt yo pou yo dòmi ta e leve pi ta pase moun ki nan lòt gwoup daj yo, e sa fè ritm natirèl kò yo pa koresponn ak orè lekòl yo ki kòmanse travay bonè. Mank somèy sa a gen konsekans negatif sou tout aspè lavi jèn moun sa yo. Kounye a, gen yon pakèt edikatè k ap eseye asosye nesesite pou jèn yo dòmi ak reyalite pratik orè travay lekòl yo.

Alòske gen moun ki panse le fèt ke jèn yo pa gen dispozisyon pou yo leve bonè, se parese yo parese, espesyalis yo di opinyon sa a pa toujou koresponn ak laverite.

Michael Breus, se yon sikològ klinik ki gen yon espesyalite nan pwoblèm moun k gen pwoblèm pou yo dòmi, di jèn sa yo se pa moun ki parese –menm si gen parese naritèlman pami jèn ki poko gen 20 tan yo ; men se sa li rele « ritm biyolojik » jèn sa yo k ap fonksyone o ralanti, oubyen ki totalman absan.

Daprè Dr. Breus, yon sitiyasyon konsa lakoz yon moun ale dòmi ta e li fè w gen tandans leve ta tou. Elèv lekòl ki nan kondisyon sa a gen pwoblèm pou yo kite kabann yo ; si yo frekante yon lekòl ki kòmanse travay, pa egzanp, a 7 tè di maten, lè yo rive nan klas yo, yo toujou gen dòmi nan je yo. Sa ka genyen move konsekans sou travay akademik yon elèv, sou kapasite l kòm yon atlèt e, si l konn kondui, sa ka fè l gen difikilte pou l byen konpòte l sou volan yon machin, san bliye sa ka genyen efè negatif sou sante li.

Plizyè douzèn lekòl Ozetazini ap analize rezilta etid sa yo avèk anpil atansyon, e y ap anvizaje posiblite pou yo chanje orè yo. Ann atandan, ekspè yo di yo gen pou yo aprann plis bagay toujou sou sa yo rele “abitid dòmi” jèn yo ; men daprè yo, se devwa elèv yo ak paran yo pou yo atache plis atansyon nan lè yo chwazi pou y al nan kabann yo, paske li trèzenpòtan pou yo gen yon bòn sante.

XS
SM
MD
LG