Accessibility links

Breaking News

50 Moun Mouri Nan Tranblemanntè Birmani an


50 Moun Mouri Nan Tranblemanntè Birmani an
50 Moun Mouri Nan Tranblemanntè Birmani an

Otorite Birmani yo di kantite moun ki mouri nan tranblemanntè ki pase jedi 24 mas 2011 la e ki te mezire 6,8 sou tablo Riktè a monte rive nan omwen 50 moun.

Tranblemanntè a te frappe nan nodès Birmani tou prè fwontyè peyi sa a ak Thailand. Episant la te sou yon distans 90 kilomèt o nò vil Thailandè Chaing Rai ki te sibi kèk dega.

Ekspè Etazini yo di tranblemanntè a te frape nan 10 kilomèt pwofondè.

Otorite Birmani yo di plis pase 100 bilding detwi nan seism nan. Yon fi nan Thailand pèdi lavi li lè yon miray kay te tonbe sou li.

XS
SM
MD
LG