Accessibility links

Breaking News

5 Foutbolè Seleksyon Nasyonal Fransè a Gen Pou Parèt Devan Komisyon Disiplinè a


La Frans ap pare pou l jwe yon match amikal kont la Novèj mèkredi 11 out ak 13 nouvo jwè k ap jwe pou la premyè fwa pou seleksyon foutbòl nasyonal fransè a.

An palan de la Frans Federasyon Foutbòl Fransè a louvri yon ankèt kote li kapab pran mezi disiplinè kont 5 jwè seleksyon ki te patisipe nan koup dimond Afrik di Sid la.

Jwè nou pral site la yo Nicolas Anelka, Franck Ribery, Eric Abidal, Jeremy Toulalan ak kapitèn seleksyon an Patrick Evra gen pou prezante devan komisyon disiplinè federasyon an mwa sa a.

Anketè yo pral analize ka 18 sou yon total 23 jwè, manm pèsonèl ak responsab federasyon an ki te prezan an Afrik di Sid lè jwè yo te deside boykote yon seyans antrenman.Objektif grèv la se te pou pwoteste kont ranvwa Nicolas Anelka ki te lanse kèk pawòl piman bouk kont antrenè Raymond Domenech apre defèt 2 a 0 seleksyon an te sibi nan men Meksik.

XS
SM
MD
LG