Nan Afganistan, twoup militè ameriken ak afgan ap goumen ak rebèl yo nan pati santral peyi a, pi presizeman nan pwovens Wardak, tou prè kote yon elikoptè lame amerikèn te tonbe yon jou anvan sa.
Bilan: 30 sòlda ameriken te mouri –pami yo genyen kèk manm kòmando espesyal ki te touye lidè rezo teworis al-Kayda a, Ozama bin Laden. 7 sòlda ak yon entèprèt afgan pèdi lavi yo tou.