30 Septanm 1991-30 septanm 2011 : Sa fè 20 tan depi Lame Dayiti (Forces Armées d'Haiti- FAD'H) te ranvèse Jean Bertrand Aristide ki te eli demokratikman kòm Prezidan Repiblik Dayiti.
3 zan apre, an 1994, Misye Aristide te pran desizyon pou l kraze fòs militè a. 20èm anivèsè sa a rive nan moman aktyèl lidè ayisyen an, Michel Joseph Martelly, ap pale de yon plan pou l remete fòs zame a nan plas li -sou kèlkeswa vèsyon an e ak nenpòt ki nominasyon: Lame Dayiti, Jandamri, elt..) pou kreye kondisyon ki nesesè pou pèmèt Misyon Mentyen Lapè Nasyon Zini an (MINUSTAH) kite pyi a.
Depi otorite ayisyen yo te lanse lide kreyasyon yon lòt fòs pou kore travay PNH (Polis Nasyonal Dayiti) nan misyon li genyen pou l pwoteje lavi ak byen nan peyi a, divès vwa leve pou pran pozisyon pou ou kont lide sa a.
Gen moun ki di yon fòs zame gen plas li ann Ayiti, paske konstitisyon peyi a prevwa egzistans enstitisyon sa a akote yon fòs polis, tandiske gen lòt obsèvatè ki kwè yon lame pa nesesè, sitou nan moman Ayiti ap fè fas ak difikilte ekonomik moun pat janm wè anvan nan tout istwa nasyon an.
2èm gwoup obsèvatè sa yo raple lè FAD'H te egziste, li te absòbe yon gwo moso nan bidjè nasyonal la.