Accessibility links

Breaking News

2èm Jounen Eliminatwa Ewo 2012 la


Lafrans anba presyon pou l ranpòte yon viktwa kont Bosni Herzegovin nan okazyon 2èm jounen eliminatwa Ewo 2012 la. Itali espere amelyore tou lè lap rankontre zile Feroe yo.

Antrenè seleksyon anglè a, Italyen Fabio Capello, fè konnen Wayne Wooney ap patisipe nan match kalifikatif Ewo 2012 la lè Laswis ap akeyi Angletè madi 7 Septanm nan.

Antrenè alman an Joachim Loew espere alman yo kapab jwe yon pi bon match lè y ap rankontre Azerbaijan.

Pòtigal kapab monte yon maswife lè y ap rankontre La Nòvèj nan okazyon 2èm jounen eliminatwa Ewo 2012 la.

Bò kote pa l, Espay ap prepare pou l rankontre Ajantin jounen 7 septanm nan. Carlos Tevez ak Leonel Messi ap pran tèt seleksyon Ajantin nan.

Yon bèl pèfòmans fas a Espay ap ranfòse posibilite pou antrenè pwovizwa Sergio Batista jwenn djòb la. Batista ap nan tèt seleksyon an pandan rankont ajanten yo pral jwe kont Japon nan vil Tokyo 8 oktòb k ap vini la a.

XS
SM
MD
LG