28 moun pou pi piti mouri ann Ayiti, e plizyè dizèn lòt blese nan yon aksidan sikilasyon ki rive nan sware lendi 16 janvye 2012 la sou wout Delma, nan Pòtoprens.
Plizyè nan viktim yo se vandè ak machandiz yo ki abitye gonfle sou twotwa nan zòn nan. Akoz kote yo chita sou twotwa a, li fasil pou yo viktim nenpòt ki aksidan.
Prezidan Michel Martelly ak madanm ni, Sophia, te ale sou plas e yo te pase plizyè èd-tan ap sipèvize operasyon sekou yo ak ranmasay viktim yo.
Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior.