Accessibility links

Breaking News

200 Milyon Dola Pou Ede Repare E Rekonstwi Systèm dlo Potab la Ann Ayiti


Nan peyi d’Ayiti, yon pwojè dlo potab demare nan zòn peyi a ki te sibi dega nan tranblemann'tè 12 janvye 2010 la. Se yon pwojè Inyon Ewopeyèn nan la finanse pou yon montan 200 milyon dola gouvènman espayòl bay Ayiti atravè Bank Entè Ameriken Devlopman, BID.

Lajan sa a pral sèvi tou pou amelyore systèm sanitè plizyè rejyon peyi a, tankou nan zòn Mirebalais kote korespondan nou, Jean-Christophe Collègue, prepare depèch sa a pou Lavwadlamerik.

Koute Collègue sou ikòn MP3 ki, anwo e adwat, atik sa a.

XS
SM
MD
LG