Bank Entèamerikèn Devlopman nan tèt kole ak Fondasyon Clinton ap lanse dezyèm Forum “Investi ann Ayiti” soti 29 rive 30 novanm nan Karibe Convention Center nan Pòtoprens.
Plis pase 300 chèf antrrepriz ak envestisè etranje ki soti Ozetazini, Obrezil, Okanada, ann Euròp ak nan peyi Kore pral rankontre avek plizyè santèn òm dafè ayisyen nan Forum 2 jou sa a. Chita pale yo pral dewoule sou twa tèm: Indistri tekstil, Bizinis agwo-alimantè ak Touris.
Nan yon entèvyou reprezantan BID la ann Ayiti, Eduardo Almeida, bay Lavwadlamerik li fè konnen yo pran inisyativ sa a pou amelyore imaj peyi a, montre òm dafè yo opòtinite ki genyen e pi ankouraje yo envesti nan divès pwojè.
Avan ouvèti Forum nan, prezidan Bank Entèamerikèn Delvopman, Luis-Alberto Moreno, prezidan Ayisyen an, Michel Martelly, ak ansyen prezidan Bill Clinton pral nan inogirasyon twonson wout Nasyonal nimero 1 an (Kwadèboukè-Sen Mak). Apre sa, yo pral patisipe nan seremoni "pose première pierre" nan kad konstriksyon yon pak endistriyèl nan Karakòl, depatman Nò peyi Dayiti.
Pak endistriyèl sa a jwenn finansman Bank Entèamerikèn Delvopman, Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID) ak Unyon Europeyèn. Dapre estimasyon Bank la, pak sa a pral kreye 80,000 djob pou pipiti e li pral kontribye nan desantralizasyon peyi Dayiti.