Accessibility links

Breaking News

2 Jounalis Mouri nan yon Atak nan Siri

Gouvènman fransè a idantifye jounalis ki mouri yo kòm Marie Colvin, yon gwo korespondan lagè ameriken k ap travay pou jounal britanik Sunday Times, ak repòtè fotograf fransè Remi Ochlik.

Fòs gouvènmantal siryen lanse kout obu san pran souf sou bastyon opozisyon an nan vil Homs, kote yo touye 19 moun, pami yo 2 jounalis oksidantal.

Gouvènman fransè a idantifye jounalis ki mouri yo kòm Marie Colvin, yon gwo korespondan lagè ameriken k ap travay pou jounal britanik Sunday Times, ak repòtè fotograf fransè Remi Ochlik.

Dapre rebèl siryen yo, gen anpil lòt jounalis ki blese nan atak entansifye fòs gouvènmantal lanse sou yon sant medya enpwovize repòtè yo plase nan distri Baba Amr vil Homs nan, yon katye ki anba kontwòl rebèl.

Òganizasyon repòtè san fwontyè ki baze nan vil Pari, an Frans, di Lavwad-Lamerik l ap men-nen ankèt pou detèmine si wi ou non sòlda k ap defann rejim Prezidan Basahar Al-Assad te sible sant medya enpwovize a tout eksprè.

XS
SM
MD
LG