Accessibility links

Breaking News

18èm Konferans Entènasyonal SIDA a Fini nan Vil Vyèn, Otrich


18èm Konferans Entènasyonal sou SIDA a fini vandredi 23 jiyè 2010 la nan vil Vyèn peyi Lotrich. Anvwaye espesial Sèvis Kreyòl la, Marie Luce Pierre, fè nou konnnen òganizatè ak patisipan satisfè al apwòch entèvenan yo sou kesyon yo devlope nan deba yo, sitou pwogrè kominote entènasyonal la fè nan lit kont maladi SIDA a.

Sepandan, anpil obsèvatè ki te sou plas nan vil Vyèn, espesyalman pwofesyonèl la sante yo ak militan k ap dwa moun ki gen maladi SIDA, pè pou mank finansman pa bloke pwogrè ki merite fèt toujou pou elimine flewo sa a k ap fè ravaj sou planèt tè a.

Marie Luce, nan youn nan dènye repòtaj li, rankontre ak direktè pwogram USAID pou SIDA a, Robert Clay, ki fè konnen li byen akeyi nouvèl ki anonse L'ONI-SIDA chwazi vil Washington, DC kòm syèj Konferans Entènasyonal sou SIDA a pou ane 2012.

Yon lòt kote, Marie Luce fè konnen, youn nan sijè ki te pwovoke plis deba nan 18èm Konferans Entènasyonal sou SIDA a, se dekouvèt yon jèl (yon krèm), ki kapab bay fanm yo pwoteksyon kont VIH, jèm ki bay maladi SIDA a.

Sou dosye sa a, anvwaye espesyal nou an rankontre 2 doktè ayisyen ki te prezan nan vil Vyèn: Dr. Robert Dougé ak Dr. Yves Thermidor.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute 2 repòtaj Marie Luce Pierre sou Konferans Entènasyonal sou SIDA a.

XS
SM
MD
LG