Accessibility links

Breaking News

Etazini: 17 Milyon Dola pou Ede Nasyon nan Kòn Afrik la


Timoun ki nan malnitrisyon ki soti nan sid somali nan yon lopital Bandar, Mogadishu
Timoun ki nan malnitrisyon ki soti nan sid somali nan yon lopital Bandar, Mogadishu

Lèzetazini anonse 17 milyon dola an plis nan fon pou ede nasyon nan kòn Afrik la lite avèk sechrès ak faminn.

Sekretè Deta Hillary Clinton di yon pati nan lajan asistans la pral jwen Somali, peyi ki pi frape anba sechrès la.

Jiskaprezan, Lèzetazini bay 580 milyon dola asistans imanitè nan rejyon an; nan lajan sa a gen 105 milyon dola ki te anonse lendi 8 out 2011 la.

Pandan Sekretè Deta Clinton t ap pale nan Washington, li dekri sitiyasyon nan kòn Afrik la kòm ijans imanitè ki pi terib nan lemond jounen jodi a. Li di asistans se pou ede 4 milyon 600 mil moun.

XS
SM
MD
LG