Accessibility links

Breaking News

17 Chèf Akizasyon ap Peze sou Do Yon Sòlda Ameriken ki te Swadizan Touye 17 Sivil nan Afganistan


Robert Bales
Robert Bales

Daprè yon ofisyèl ameriken, yon sèjan nan lame Lèzetazini an, Robert Bales, ki anba akizasyon deske li te touye 17 sivil afgan nan dat 11 mas pase a --kote li te ouvè kout-zam sou divès moun nan yon vilaj nan pwovens Kandahar-- anonse sòlda a pral gen pou reponn 17 chèf akizasyon pou asasina.

Zotobre ameriken sa a, ki pale a kondisyon pou non n pa site, ajoute sèjan an, ki genyen 38 tan e ki se papa 2 timoun, pral reponn, antwòt, 6 akizasyon pou tantativ asasina ak 6 lòt akizasyon pou vwadfè. Mèt John Henry Brown se avoka Sèjan Bales. Li fè konnen prèv yo ranmase kont kliyan li a, se prèv ki fèb anpil.

Avoka Brown di:

“Pa genyen prèv medsen lejis prepare. Okenn prèv ke doktè egzaminen; pa gen prèv ki montre konbe moun ki viktim, ni ki kote kadav yo ye. Alòs pou mwen, kòm avoka, se yon afè enteresan. M ta renmen wè yo pwouve akizasyon yo.”

Anvan sa, Mèt Brown te di sa ki ta pote kliyan n nan poze zak sa yo, se le fèt ke li te twouve l anba twòp stress aprè otorite militè ameriken yo te voye li sou channbatay 3 fwa : 2 fwa nan Irak ak yon fwa nan Afganistan; daprè mèt-avoka a toujou, stress sa a sanble te fin pa vire lòlòy misye pou fè l poze aksyon li pa ta poze nòmalman.

Seri ensidan sa yo se yon lòt move kou pou relasyon ant Lèzetazini ak Afganistan, relasyon ki te deja bankal. Anpil sitwayen afgan di yo pa mete twòp konfyans nan ankèt Lèzetazini di l ap mennen sou afè a.

XS
SM
MD
LG