Accessibility links

Breaking News

1 Moun Mouri nan Yon Eksplozyon O Venezuela


1 Moun Mouri nan Yon Eksplozyon O Venezuela
1 Moun Mouri nan Yon Eksplozyon O Venezuela

Nan peyi Venezuela, responsab yo fè konnen , yon moun mouri e plizyè lòt blese dimanch 30 janvye 2011 la apre yon dife eklate e ak gwo eksplozyon ki rive nan yon depo zam ak minisyon.

Depo zam sa a twouve l nan rejyon Maracay , a 100 kilomèt kapital la, Caracas. Otorite yo presize, lapolis ak lame evakye anviwon 10 mil rezidan nan menm jou a kòm yon mezi-prekosyon.

Pèsòn poko konnen rezon dife a.

XS
SM
MD
LG