Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Clinton Defann Kowoperasyon Ant Washington Ak Moskou


Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, ap mete fen nan yon toune li tap fè nan 5 peyi nan Ewòp Santral ak pati sid rejyon Kokaz la, avèk yon vizit nan peyi Jòji. Chèf diplomasi amerikèn nan genyen pou l rankontre avèk prezidan jòjyen an, Mikhail Saakashaveli, kèk lidè opizisyon politik la avèk manm òganizasyon sosyete sivil la pandan pasaj tou kout lap fè nan kapital Jòji a, Tibilisi. Pandan toune sa a Madam Clinton deja ale nan peyi Ikrèn, Lapolòy, Azerbaiyan avèk Ameni. Yè dimanch 4 jiyè a, pandan sekretè Deta a te nan vil Yerevan, kapital Ameni, li ta bay yon konferans pou laprès kote li te fè konnen mezantant ki egziste ant Larisi ak La Jòji pa ta dwe anpeche Moskou ak Washington kontinye kowopere nan lòt domèn. Madam Clinton di:

“2 peyi pa toujou dakò sou tout bagay. Nou pa dakò sou sa kap pase nan Jòji a, ni sou le fèt ke twoup militè Larisi kontinye okipe Oseti di Sid ak Abkazi; e nou pa kache di sa. Se pa nan rejyon Kokaz la sèlman mwen di sa; mwen di sa tout kote m pase. Sepandan, mwen panse li posib pou n genyen yon pwogram global komen tankou sa nou genyen ak Larisi a, san nou pa kite dezakò nou bloke tout relasyon nou"

Sekretè-deta-a genyen pou l retounen Washington demen madi 6 jiyè a.


XS
SM
MD
LG