Accessibility links

Breaking News

Sèbi: Arestasyon Goran Hadzic ki Akize Pou Krim de Gè


Goran Hadzic
Goran Hadzic

Otorite nan Sèbi fè konnen yo mete men sou Goran Hadzic, sèl nèg Tribinal Nasyonzini pou krim de gè a t ap chache e ki te toujou nan mawon.

Daprè deklarasyon yon ofisyèl sèb fè mèkredi 20 jiyè 2011 la, Hadzic -ki te lidè rebèl sèb yo nan Kwoasi pandan konfli ki te dewoule nan ane 80 yo- tonbe anba men lapolis. Yo pa bay plis detay pou le moman.

Goran Hadzic te antre nan mawon an 2004 aprè tribinal l’ONU an te jwenn misye koupab pou krim de gè ak krim kont limanite.

Pi presizeman akizasyon k ap peze sou do li di li te pase lòd pou yo touye plizyè santèn moun ki pa sòti nan ras sèb la, epi li te fè depòte plizyè milye moun.

XS
SM
MD
LG