Gouvènman japonè a fè konnen l ap revoke 2 otorite wo-plase pou responsablite yo ta genyen nan move jesyon kriz ki pete akoz sitiyasyon ki prezante nan izin nikleyè Fukushima Dachi a.
Minis komès ak endistri a, Banri Kaieda, pale mèkredi 3 out 2011 la pou l di li pral ranplase vis-minis ki vini aprè li a avèk direktè ajans enèji a.
Anvan sa, misye Banri te fè konnen li ta pral bay demisyon n anvan lontan yon fason pou l pran responsablite pèsonèlman pou move jesyon kriz la.
Anons revokasyon sa yo fèt aprè nouvèl te parèt pou di manm gouvènman an te òganize kèk seminè pou yo te eseye manipile opinyon piblik la, yon fason pou pèp janponè a te kontinye apiye plan gouvènman an te genyen pou l kontinye itilize izin nikleyè a.