Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Deklare Vòt Konsèy Sekirite L'Onu an Voye Yon Mesaj San Vire-Tounen Bay Iran


Prezidan Barack Obama deklare vòt 12 kont 2 (plis yon abstansyon) Konsèy Sekirite Nasyonzini an, ki enpoze yon katriyèm vag sanksyon kont Iran, voye yon mesaj san vire-tounen bay gouvènman iranyen an pou di l’ li dwe chanje direksyon sou kesyon pwogram nikleyè li a.
Prezidan an di vòt la se yon “repons pou refi Iran pou l' respekte obligasyon entènasyonal ak resposabilite l' nan kad Trete Non-pwoliferasyon Nikleyè a e pou refi li pou’l satisfè egzijans Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la.

Prezidan Obama ajoute: "Gouvènman iranyen an dwe konprann “Sekirite tout bon an se pa nan chèche posede zam. Bon jan sekirite a ap vini nan respekte Dwa Entènasyonal ak nan montre entansyon pasifik li, chèf Mezon Blanch lan deklare apre vòt Konsèy Sekirite a ki enpoze mèkredi nouvo sanksyon kont Iran.

Turki ak Brezil—ki te negosye yon akò sou konbistib ak Téhéran—vote kont rezolisyon an, tandiske Liban asteni li. Akòz konsesyon pou jwenn apui Larissi ak La Chine, rezolisyon an pa djanm jan etazini te swete l' la.

Sanksyon yo mete entèdiksyon vwayaj ak restriksyon finansye sou moun ak gwoup ki makònnen ak aktivite nikleyè e ak pwogram misil balistik Iran an, tankou Gad Revolisyonè iranyen an ak konpayi maritim enpò-ekspò Iran. Yo kore tou anbago zam l’Onu te dekrete kont Téhéran an e yo vize sektè bankè iranyen an.

Téhéran pa pèdi tan pou l’ voye jete desizyon l’Onu an. Prezidan Mahmoud Ahmadinejad di rezolisyon an pa genyen valè e merite ale nan poubèl tankou yon vye mouchwa izaje. Prezidan iranyen an te lanse avètisman anvan vòt Konsèy Sekirite a pou di Téhéran kapab kite chita-pale avèk pisans mondyal yo sou pwogram nikleyè l' la si òganizasyon mondyal la pran sanksyon kont li.

Rezolisyon an otorize tou enspeksyon bato ak avyon ki pral’ nan Repiblik Islamik la, yo sispèk k’ap pote pwodui ak materyèl entèdi. Li entèdi tou lòt nasyon kite Iran envesti nan santral anrichisman nikleyè yo, nan min iranyòm ak nan lòt teknoloji ki genyen aspè nikleyè.

Anvan vòt la, anbasadè Etazini nan Nasyonzini an, Susan Rice te di nan mwa ki sòt’ pase yo Iran bay lemond pi plis rezon pou l' sispèk l’ap chèche fabrike yon zam atomik. Prezidan Barack Obama di pòt la pa fèmen pou yon solisyon diplomatik avèk Iran. Lidè ameriken an fè konnen sanksyon yo pa vize pèp iranyen an, e li ajoutedi li espere gouvènman iranyen an va fè yon chwa diferan pi devan. Misye Obama kontinye pou l' di si gouvènman Téhéran an kontinye ap minen Trete Non-Pwoliferasyon Nikleyè a, li pral pi izole, mwen pwospè e mwen an sekirite.

Iran toujou demanti akizasyon Lèzetazini ak lòt nasyon oksidantal yo ki di l’ap chèche posede zam nikleyè. Li di pwogram anrichisman iranyòm li an genyen objektif pasifik. Nan kongrè Etazini an, demokrat yo konsidere rezolisyon Nasyonzini an kòm yon viktwa pou prezidan Obama—viktwa ki pral’ pare chimen pou plis aksyon.

Repibliken yo dekri li kòm yon rezolisyon fèb e ki pa aplikab. Prezidan Komisyon Afè etranjè Chanm depite a, demokrat Howard Berman, deklare rezolisyon an louvri chimen pou Inyon Ewòp la ak lòt nasyon pran sanksyon pi djanm toujou, e li di pou fini Kongrè a ap vote pwòp sanksyon pa l' nan fen mwa jen an.

XS
SM
MD
LG