Nouvèl ki sòti Libi fè konnen o mwen 11 rebèl pèdi lavi yo nan konfwontasyon avèk fòs gouvènmantal yo tou prè vil Misrata ki anba men opozisyon an.
Daprè kèk sous medikal ak sous ki pwòch rebèl yo, lanmò sa yo rive byen ta avan yè lendi a ak yè madi a, aprè fòs ki fidèl anvè lidè libyen an, Moammar Gadhafi, te vide kout mòtyè sou kèk pozisyon ozalantou vil la ki sou yon distans 200 kilomèt a lès Tripoli, kapital la.
Menm sous yo fè konnen plis pase 40 rebèl blese. Yon lòt kote, minis afè etranjè peyi Tiki a, Ahmet Davutoglu, di li gen espwa yo pral jwenn yon antant politik pou konfli libyen an.