Inyon Ewòp la di li pral mete sanksyon sou lidè sòtan Kot Divwa la, Laurent Gbagbo ki refize remèt pouvwa a aprè 2èm tou eleksyon prezidansyèl mwa pase a.
Yon pòtpawòl Inyon Ewòp la di Mesye Gbagbo ak madanm ni twouve yo pami 19 ivwaryen ki sou yon lis moun k ap fè fas ak sanksyon.
Mesye Gbagbo reziste devan tout apèl pou l ta remèt pouvwa a bay Alassane Ouattara ke kominote entènasyonal la rekonèt kòm moun ki te ranpòte 2yèm tou eleksyon yo nan Kot Divwa.