Accessibility links

Breaking News

Evakyasyon Sitwayen Ameriken yo Nan Japon


Evakyasyon Sitwayen Ameriken yo Nan Japon
Evakyasyon Sitwayen Ameriken yo Nan Japon

Depatman Deta Ameriken an fè konenen premye vòl avyon k ap transpòte ameriken y ap eseye evakye kite Japon nan moman plizyè gouvènman etranje ap retire moun ki soti nan peyi pa yo nan Japon.

Sekretè Deta adjwen Patrick Kennedy pale pou’l di :"vòl la ki pran direksyon Taiwan gen presle 100 ameriken abò li, e pifò ladan yo, se manm fanmi fonksyonè gouvènman ameriken an.

Gen yon lòt vòl nan menm sans la ki gen pou l dekole nan Japon. Lèzétazini emèt yon avi , kote li mande pou sitwayen ameriken ki abite sou yon distans 80 kilomèt ak santral Fukushima pou yo kite Japon. Lèzétazini pa pase lod pou evakye tout sitwayen ameriken lotbò a, sepandan li mete vòl avyon ala dispozisyon moun ki vle retounen lakay yo.

XS
SM
MD
LG