Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta Ameriken Refize Di Si Etazini Pou Ou Kont Anilasyon Eleksyon 28 Novanm Ayiti yo.


HARRY TRUMAN BUILDING
HARRY TRUMAN BUILDING

Mrs. Mills di nan ka sa a : Etazini ‘tap bezwen konnen sou ki baz komisyon an chita pou l mande anile ou byen refè eleksyon yo.

Lèzetazini ap tann piblikasyon rapò Misyon verifikasyon òganizasyon Eta Ameriken yo, OEA a, anvan li fè konnen si lap apiye anilasyon ak reyalizasyon nouvo eleksyon nan peyi Dayiti, jan 12 kandida alaprezidans ak sosyete sivil la ap reklame’l depi dewoulman eleksyon 28 nov 208 la.

Cheryl Mills, konseye Sekretè deta ameriken Hillary Clinton fè deklarasyon sa a nan yon rankont ak lapress kote Depatman Deta prezante yon bilan aktivite gouvènman ameriken an reyalize ann Ayiti, prèske yon lane apre tranbleman-d-tè ki te touye plis pase 200 mil moun e kite yon milyon edmi moun san kay pou yo rete. Madam Mills di Etazini ansanm ak kominote entènasyonal la ap travay ansanm pou ede Ayiti rekanpe atravè asistans ki nesesè nan moman difisil sa a. Nan pwen de press la, konseye Mills te abòde kesyon eleksyon konsteste 28 novanm pase a.

Li rekonèt periòd tranzisyon politik la se youn nan gwo defi Ayiti te gen pou l konfwonte ane pase a. Mills di Etazini ansanm ak kominote entènasyonal la ap travay ansanm pou asire pwosesis tranzisyon an fèt pou pèp ayisyen an gen non sèlman dirijan li te vote nan dènye eleksyon yo, men tou lidè li bezwen pou avni peyi a.

Sou kesyon pou konnen eske Washington ap aksepte anilasyon ak òganizasyon nouvo eleksyon nan peyi Dayiti si Misyon OEA a ta vini ak pwopozisyon sa a nan rapò final li, madam Cheryl Mills di nan ka sa a : Etazini ‘tap bezwen konnen sou ki baz komisyon an chita pou l mande anile ou byen refè eleksyon yo. Nap bezwen revize desizyon an pou n konnen èske se yon desizyon nou ka sipòte epi konnen ki tip angajman kap apwopiye pou n sipòte nouvo eleksyon ou pa. Pou kounye a nap tann rezilta travay komisyon an avan nou pwononse n »

Konsènan posibilite pou prezidan Rene Preval ta rete sou pouvwa apre 7 Fevriye 2011, madan Mills di se yon kesyon nou pral gen pou n pwononse n sou li nan semen kap vini la yo. Men m’ap repete ankò, « pibiklasyon travay komisyon l’OEA a ka ede konnen si wi on non pral gen yon gouvènman tranzisyon ». Men mwen nou dwe tann piblikasyon rezilta Misyon OEA a anvan nou bay pozisyon nou.

XS
SM
MD
LG