Accessibility links

Breaking News

Ayiti Adopte 20 Avril Kòm Jou Dyaspora Ayisyen An


Ayiti Adopte 20 Avril Kòm Jou Dyaspora Ayisyen An
Ayiti Adopte 20 Avril Kòm Jou Dyaspora Ayisyen An

Minis Edwin Paraison deklare Ayiti adopte jou sa a pou rann Dyaspora a omaj

Minis ayisyen kap viv a letranje yo, Edwin Paraison, anonse gouvènman ayisyen an pran yon dekrè kote li deziye dat 20 avril kòm Jounen Nasyonal Dyaspora Ayisyen an.

Minis Paraison di, nan okazyon jounen sa a, selebrasyon pral dewoule ann Ayiti kou nan Dyaspora a, nan tout peyi kote genyen yon kominote ayisyen. Misye Paraison fè konnen anbasadè peyi kote k gen anpil imigran ayisyen ap gen pou pran nan selebrasyon an.

Minis Paraison fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou li bay chèfSèvis Kreyòl la, Ronald César.

Klike sou lyen anlè e adwat atik la pou w koute entèvyou a.

XS
SM
MD
LG