Jeneral lame amerikèn, Martin Dempsey, pral prete sèman kòm nouvo chèf deta majò entè am Lèzetazini.
Prezidan Barack Obama te prezan lè jeneral laki gen 37 tan sèvis t ap monte nan pòs pi gwo ofisye ann inifòm nan nasyon amerikèn nan. Prezidan Obama te chwazi Jeneral Dempsey pou ranplase Amiral lamarin Mike Mullen nan mwa me pase a, swa yon mwa apre li te rive nan pòs chèf pèsonèl lame a.
Jeneral Dempsey te sèvi 2 fwa ann Irak e li te travay kòm kòmandan pwovizwa tout operasyon militè Etazini nan Mwayen Oryan an. Lame ap fè fas kounye a ak yon gwo rediksyon nan bidjè li nan kad demach Washington ap fè pou redui kokenn dèt peyi a.
Pandan seyans konfimasyon l nan kongrè a mwa pase a, Jeneral Dempsey te lanse avètisman bay palmantè ameriken yo pou di :
“800 milyon dola yo pare pou retire nan bidjè lame a pral koze gwo difikilte e poze gwo risk pou lame amerikèn nan.”