Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama di Pwosperite Lèzetazini se Youn nan Prensipal Misyon Otorite Ameriken yo


Prezidan ameriken an, Barack Obama
Prezidan ameriken an, Barack Obama

Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen travay pou retabli pwosperite Lèzetazini ak jistis ekonomik nan peyi a, se prensipal misyon otorite ameriken yo jounen jodiya.

Se konsa, pandan lidè Lèzetazini an te pran lapawòl nan eta Arkansas, li lanse apèl pou l mande refòm nan system taks la, kote, daprè li, enpo moun rich yo ap peye bese anpil-anpil depi plizyè dizèn dane, tandiske , tandiske sa klas travayè a ap peye pa sispann ogmante.

Prezidan Obama di yon foul moun ki te rasanble pou koute li: "Yon ka milyonè ap peye jounen jodiya pi piti taks pase nou menm ki la a mwen pase plizyè milyon fanmi nan klas mwayèn nan. Kèk milyonè genyen yon to enpo ki rive desann jiske 1%. Yon pou san, mezanmi! Pi gwo enjistis pase sa, nanpwen."

Nan menm okazyon an, Prezidan Obama lanse apèl pou Lèzetazini mete plis aksan sou enpòtans edikasyon, lasyans, rechèch ak pwodiksyon nan domèn wot teknoloji a.

XS
SM
MD
LG