Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Mande Louvri Ekonomi an Menmsi Li Prevwa Plis Moun Pral Mouri Ozetazini


Pannkat sa di :
<< AFÈ DE MOUN RETE LAKAY YO A FINI >>
Pannkat sa di : << AFÈ DE MOUN RETE LAKAY YO A FINI >>

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki t ap pale de sitiyasyon kowonavris la Ozetazini nan jounen madi 5 me 2020 an, fè konnen li lè pou ekonomi peyi a relouvri menmsi sa ta vle di gen plis moun ki pral tonbe viktim anba maladi a. Pandan Misye Trump t ap vizite Eta Arizona, nan pati sidwès peyi a, li fe konnen:

“Sitwayen peyi sa a se konbatan, se moun ki konn goumen. Eske gen moun ki pral sibi kèk konsekans grav si nou relouvri peyi a? Wi. Sepandan nou oblije relouvri ekonomi nou an.”

Prezidan an -ki t ap vizite izin Honeywell nan vil Feniks pou l atire atansyon sou pwodiksyon an mas ekipman ki nesesèpou fè fas ak pandemi KOVID-19 la- bay chèn televizyon ABC yon entevyou kote li declare “plis moun pral mouri toujou” e li fe previzyon pou l di “kowonaviris la pral pase, avek ou san vaksen.” Pandan lide ameriken te nan enstalasyon izin nan kote yo fabrike aparèy respiratwa ki sèvi pou trete moun ki trape viris KOVID-19 la, li di anplwaye yo:

“Nou fè pati pi gwo mobilizasyon endistriyèl ki janm fèt nan lemond depi fen 2èm Gè Mondyal la.”

Prezidan Trump fè vwayaj sa a nan Arizona nan moman administrasyon l lan ap resevwa anpil kritik poutèt gwo kantite moun espesyalis yo pevwwa ki pral pèdi lavi yo Ozetazini anba maladi kowonaviris la. Daprè yon pwojè-rapò gouvènman federal la pibliye, rive nan dat premye jen pwochen, kantite moun k ap trape viris la nan peyi a pral monte rive anviwon 200 mil pa jou tandiske kantite ki pral mouri anba maladi a se anviwon 3 mil chak jou.

XS
SM
MD
LG