Accessibility links

Breaking News

Ariel Henry: "Pwochen Lokatè Palè Nasyonal Pral yon Prezidan Pèp la Eli"


FILE - Haitian Prime Minister Ariel Henry speaks at a ceremony in Port-au-Prince, Haiti, Nov. 26, 2021.
FILE - Haitian Prime Minister Ariel Henry speaks at a ceremony in Port-au-Prince, Haiti, Nov. 26, 2021.

Nan yon diskou Premye Minis Ayisyen an Ariel Henry te bay laprès 17 janvye 2022 li te deklare se yon prezidan eli "ke pep Ayisyen chwazi ki ap antre nan palè nasyonal" e li lanse apèl pou dyalòg.

Nan diskou sa a, premye minis la di depi lè li te pran pòs premye minis la, li te respekte angajman li. Li deklare "Mwen te anonse ke mwen pral pran baton pèleren mwen, epi al rankontre tout sektè nan lavi nasyonal la, mwen fè sa ke m te promet".

Premye minis la di ke li te rankontre plizyè aktè politik, plizyè lòt moun nan sosyete sivil la, òganizasyon popilè, sektè relijye e diskite ak plizyè pèsonalite nan dyaspora a. Ariel Henry di ke apwòch demach li yo se te yon gwo siksè, e kòm rezilta yo te siyen 11 septanm lan yon akò politik pou yon gouvènans pasifik ak efikas nan peryòd tranzisyon yo.

Akò 11 septanm la te pibliye nan jounal ofisyèl "Le Moniteur" nan dat 17 septanm 2021. E li te fè konnen rezon ki fè akò a pat pibliye imedyatman aprè li te siyen l, se paske li te vle rankontre sitwayen akò Montana yo. E sitwayen sa yo deside pa kontinye dyalòg yo.

Premye minis Ariel fè konnen dyalòg se pi bon mwayen pou rezoud konfli politik la. E konstitisyon an pa bay mwayen legal pou chwazi yon prezidan pwovizwa.

Lendi 17 janvye 2022 Gwoup Montana a te ouvè posiblite pou tout moun ki vle dirije tranzisyon an, soumèt dokiman legal yo, pou pòs la. E pami moun ki te depoze pyès nou jwen Fritz Jean, ke yon gwoup sitwayen nan diaspora a te rankontre nan Baton Rouge, eta Lwizyann te chwazi kom prezidan pwovizwa pou vin dirije peyi a.

7 fevriye 2022 se dat ke prezidan Jovenel Moise te sipoze remèt peyi a bay yon lòt prezidan eli.

Jiskaprezan poko gen dat pou eleksyon prezidansyèl yo, e anpil moun ap poze kesyon ki sa ki pral pase 7 fevriye.

XS
SM
MD
LG