Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Prezidan Jovenel Moise Nonmen Ariel Henry nan Pòs Premye Minis la


Prezidan Jovenel Moise di nan yon arete: “Mwen nonmen sitwayen Ariel Henry nan pòs Premye Minis. L ap genyen pou l fòme yon gouvènman douvèti ak patisipasyon divès fòs viv nasyon an, rezoud pwoblèm grav ensekirite a epi kore travay KEP a pou reyalizasyon eleksyon jeneral yo ak referandòm nan.”

Daprè yon arete Prezidan Jovenel Moise pibliye nan dat 5 jiyè 2021 an, lidè ayisyen an nonmen Misye Ariel Henry nan pòs Premye Minis. Nan arete a, Prezidan Moise di:

“Mwen nonmen sitwayen Ariel Henry nan pòs Premye Minis. L ap genyen pou l fòme yon gouvènman douvèti ak patisipasyon divès fòs viv nasyon an, rezoud pwoblèm grav ensekirite a epi kore travay Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) a pou reyalizasyon eleksyon jeneral yo ak referandòm nan.”

****************************************************************************

Toujou onivo Pouvwa Egzekitif la, Prezidan Jovenel Moise pran yon desizon ki ofri dechaj pou tout Premye Minis ak minis ki te jere fon piblik peyi a sòti nan ane 1991 pou rive nan ane 2017. Sepandan, arete a presize desizyon sa a valab pou ansyen chèf gouvènman ak ansyen manm kabinè ministeryèl la ki gen bon dosye nan Kou Siperyè dè Kont ak Kontansye Administratif.

Dirijan politik ak lidè òganizasyon nan sosyete sivil la pa pèdi tan pou yo reyaji kont desizyon sa a. Se konsa kowòdonatè jeneral Rezo Nasyonal Pleyan Petwo Karibe a, Mèt Maurice Noël, rejte li avèk tout fòs; daprè Mèt Noël, se yon demach pou Prezidan Moise satisfë zanmi li ki enplike nan gaspiyaj 4 milya 200 milyon dola Venezuela te mete a la dispozisyon Ayiti pou reyalizasyon diferan pwojè devlopman ki pa janm fèt.

An plis Avoka Maurice Noël, Pastè e Edouard Paultre, dirijan “Ensemble Contre La Corruption -ECC”, yon òganizasyon nan Sosyete Sivil la, leve lavwa tou pou l denonse desizyon Pouvwa Egzekitif la. Pou Misye Paultre, konstitisyon an pa bay Prezidan Moise dwa pou l bay okenn ansen wo fonksyone Leta dechay; prewogativ sa a se atribisyon palman ayisyen an selman.

Klike sou 2 lyen ki pi devan yo pou w suiv deklarasyon Mèt Noël ak Pastè Paultre.

Mèt Maurice Noel reyaji sou desizyon Prezidan Jovenel pran pou l bay ansyen PM ak minis dechaj
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:38 0:00
Pastè Edouard Paultre reyaji sou dechaj Prezidan Moise bay ansyen PM ak minis.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:03 0:00

XS
SM
MD
LG